Pakè Pòtoprens konvoke animatè Loucko Désir yon lòt fwa ankò

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
pakè pòtoprens konvoke animatè loucko désir yon lòt fwa ankò

Nan yon korespondans yo adrese bay li, Komisè gouvènman Pakè Pòtoprens la, Mèt Jacques Lafontant, konvoke animatè emisyon « Matin Debat »  Luckner (Loucko) Désir paske l vyole règ elemantè pwofesyon jounalis.

Analis politik la, k ap anime emisyon Maten Deba sou antèn radyo Éclair, dwe prezante li nan Pakè Pòtoprens 1ye Fevriye k ap vini la, apati 10 zè nan maten sou demand lajistis peyi a.
“Cette invitation se justifie par le fait que loin d’éduquer et d’informer des citoyens vous abusez manifestement et sciemment de votre droit d’informer violant ainsi les règles élémentaires servant de base à l’exercice de la noble profession de journaliste, notamment les prescrits des articles 28-3 de la constitution et les dispositions des articles 64, 67, 313 et suivants du code pénal”, nou ka li nan korespondans Mèt Lafontant an, pou jistifye demand li an.
Pa bò kote pa li, jounalis la  nan repons li voye bay Pakè Pòtoprens swit ak konvokasyon li, deklare se yon « pèsekisyon politik », men l ap prezan nan dat Komisè gouvènman fikse a pou l reponn ak sa yo akize l yo epi defann tèt li.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.