Sid Soudan : Arestasyon 6 jounalis aprè yo fin pibliye yon videyo prezidan an k ap pipi sou li 

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
sid soudan arestasyon 6 jounalis aprè yo fin pibliye yon videyo prezidan an k ap pipi sou li 

Lapolis nan sid Soudan arete 6 jounalis televizyon piblik South Sudan Broadcasting Corporation (SSBC), madi 3 desanm pase a aprè yo fin pibliye yon foto ki montre Prezidan Salva Kiir ki t ap  pipi sou li pandan yon seremoni ofisyèl, se Komite Pwoteksyon Jounalis yo CPJ, ki anonse sa epi ki mande liberasyon yo.  

Se ajan Sèvis Sekirite Nasyonal yo ki te pwosede ak Arestasyon Jounalis yo , dapre CPJ ki baze nan New York, ki te site medya lokal yo ak lòt sous ki abitye ak pwoblèm nan, nan yon deklarasyon ki te pibliye vandredi 6 janvye nan aswè.  

- Advertisement -
Ad imageAd image

Yo koumanse envestigasyon an kont yo aprè yon videyo ki te vin viral sou rezo sosyal yo depi Desanm ki te montre chèf leta 71 lane a k ap pipi sou li pandan yon seremoni ofisyèl.  

Videyo a afiche sou YouTube, epi li toujou vizib jiska jodi dimanch lan, ki montre Prezidan Kiir, abiye ak chapo nwa li byen bòzò ak yon kostim gri klè, ak yon tach nwa gaye sou janm gòch li. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.