Yon nouvo Direktè depatmantal edikasyon nan Latibonit 

Par
Jacky Chery
Rédacteur
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.
- Rédacteur
yon nouvo direktè depatmantal edikasyon nan latibonit 

Ministè edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl nonmen Aurélien Fritzner kòm nouvo Direktè depatmantal edikasyon nan Latibonit pou ranplase ansyen direksyon an ki te enplike nan zak koripsyon. 

Ministè a ki te deja pran sanksyon nan fen ane 2022 an, kont ansyen ekip Direksyon depatmantal edikasyon Latibonit lan, nonmen yon nouvo Direktè epi mete sou pye yon komisyon amelyorasyon jesyon egzamen Leta yo nan depatman an. 

Ministè edikasyon nasyonal aprè sanksyon administratif yo kont ansyen ekip la, fè konnen y ap tann rezilta ankèt jidisyè yo sou enplikasyon ansyen responsab depatmantal edikasyon Latibonit yo nan zafè livre fich ak elèv ki pa kalifye nan depatman an. 

Ministè a raple pèmi pou dirije ak anseye plizyè direktè lekòl ki ta enplike nan dosye sa te anile pou yon ti bout tan jiskaske lajistis ki gen dosye an men l pwononse sou ka ansyen responsab sa yo.  

- Advertisement -
Ad image

Nan kad dosye sa, gen plizyè direktè ak responsab lekòl nan depatman Latibonit lan ki nan prizon pou enplikasyon yo nan dosye livre fich ak elèv ki pa kalifye pou al patisipe nan egzamen ofisyèl yo. 

Stay connected with NetAlKole

Partager cet article
Rédacteur
Suivre
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.