Fanatik Juventus yo di bay yo Zidane, voye Allegri ale  

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
fanatik juventus yo di bay yo zidane, voye allegri ale  

Aprè ekip Naples la fin imilye Juventus (5-1) nan série A, vendredi pase a, yon defèt ki mete yo pi lwen tit la. Rankont sa a, fè fanatik Juventus yo mande Zidane nan plas Allegri. Daprè yon sondaj  »Gazzetta dello Sport » pibliye jodi lendi a, 41% moun di yo pito Zidane nan tèt ekip Bianconeri yo.  

Defèt Juventus la pa kite fanatik yo nan silans yo. Se depi lane 1993, ekip Bianconeri an pèdi yon match ak yon rezilta parèy, fas ekip Pescara a. Aprè rankont lan, antrenè Allegri a fè  konnen, « ekip la dwe travay plis paske champyona a poko poko fini ». 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Pran tout gòl sa fas lidè champyona a, pa fè fanatik Juventus yo plezi. Aprè  »Gazzetta dello Sport » reyalize yon sondaj, 41% moun dakò pou Zidane vin antrenè ekip la epi revoke Allegri. Men 16,3% dakò pou Allegri rete. 

Pi bon favori pou ranplase Allegri, se Zidane ki pa gen ekip depi jen 2021, ki se yon ansyen jwè Juventus, ki kapab pran tèt ekip la. Yon dosye  k ap gen swivi. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive