Yon move nouvèl pou Paris Saint-Germain ki pral gen pou deplase ale nan Allianz Arena a, an Almay, san triyo atak li an, avèk Neymar ki pa rive rekipere a tan pou uityèm definal retou Lig dè Chanpyon an.
Nan konferans pou Laprès avan match la, antrenè PSG an, Christophe Galtier, konfime jodi vandredi an atakan brezilyen an pa p disponib pou chòk sa a k ap tann parizyen yo semèn k ap vini la fas Bayern Munich kote yo te pèdi premye manch lan (0-1).
« Sou 2 pwochen match yo, Neymar pa p disponib. Nou satisfè de dènye match nou an. Absans Brezilyen an se pa yon bagay piti, sa afekte nou », pawòl antrenè fransè an avan match parizyen yo nan Ligue 1 an wikenn sa fas ekip FC Nantes lan.
Atakan brezilyen an ta pral sòti sou sivyè nan match Paris Saint-Germain VS Lille lan (4-3) aprè l te fin tòde cheviy li sou yon kontak avèk yon jwè lilwa nan dezyèm mitan an. Yon chòk ki te revele Neymar t ap gen pou pase ant 2 a 3 semèn deyò tèren.
Christophe Galtier touye tout espwa pou ta wè atakan brezilyen an nan match sa k ap tann parizyen yo nan Allianz Arena a mèkredi 8 mas k ap vini la pandan konferans pou Laprès sa. PSG gen obligasyon pou l bat si l vle jwe kadefinal Lig dè Chanpyon sezon sa.
Facebook Comments