NETALKOLE

Yon polisye Kenyan blese anba bal bandi ak zam nan sant vil Pòtoprens

Nan aprèmidi madi 30 jiyè an, yon polisye Kenyan sòti blese aprè l te resevwa yon bal nan zepòl pandan yon afwontman avèk bandi ak zam yo anba lavil la ki t ap piye yon kamyon, daprè sa sèvis kominikasyon Misyon miltinasyonal la fè konnen.

Nan kominike sa, misyon miltinasyonal la konfime polisye Kenyan an pran bal la nan moman yon patwouy ki pa t twò lwen ak pò nasyonal la (APN) kote yo t al tonbe sou gwoup bandi sa yo ki t ap piye yon kamyon aprè yo te fin touye chofè an.

Rès twoup lan te fè sa k nesesè yo pou te kapab pèmèt ofisye ki pran bal la rive rapidman lopital pou te kapab pran swen ka li nesesite. Pou kounya, daprè kominike MMAS la, eta sante polisye an stab.

Pandan afwontman sa, plizyè bandi ta blese grav oubyen mouri, daprè kominikasyon misyon an, ki egalman presize yo te kouri fofile anndan kay anbadone yo nan zòn la pou yo te kapab ale.

 

Source Photo: USNews.com

Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.