Yon senkyèm arestasyon nan dosye Legliz Episkopal la

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
yon senkyèm arestasyon nan dosye legliz episkopal la
Lapolis arete nan dat 20 janvye ki sot pase a Rubens Vilmont pou prezime enplikasyon l nan dosye trafik zam ak bal ki gen non Legliz Episkopal Ayiti site.
Nan yon operasyon Biwo afè finansyè ak ekonomik ki nan DCPJ mennen samdi ki sot pase a, otorite Lapolis yo arete Rubens Vilmont nan Dèlma 75 nan kad dosye trafik zam ak bal sa ki enplike Legliz Episkopal.
Endividi sa ki se senkyèm moun ki arete nan kad dosye sa, te gen avi rechèch dèyè l pou divès enfraksyon tankou kontrebann, evazyon ak fwod fiskal, anrichisman ilisit, blanchiman lajan ak asosyasyon malfektè.
Nan menm dosye sa, genyen Pè Frantz Cole, Gina J. L. Rolls, Lovenie Louis ak Jean Gilles Jean Mary ki depi plizyè mwa twouve yo anba kòd aprè arestasyon yo.
Ajan dwanye yo ansanm ak otorite Lapolis yo te dekouvri plizyè konntenè ki te vini sou non Legliz Episkopal kote ladan yo te gen plis pase yon ventèn zam gwo kalib ak anviwon 20,000 katouch.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.