Polisye kontinye ap tonbe anba men bandi an 2023

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
polisye kontinye ap tonbe anba men bandi an 2023
Ane 2022 a pa t fasil pou polisye Ayisyen yo, kote plis pase 50 te tonbe anba men nèg ak zam, yon sitiyasyon ki te lage pèp Ayisyen an nan anpil laperèz. Sepandan, ane 2023 a deja anonse l ap difisil pou pèp ayisyen an, sitou nan sa ki konsène sekirite ak ogmantasyon nan zak bandi nan peyi a espesyalman nan kapital peyi a. Omwen 8 polisye te mouri soti 10 pou rive 20 janvye 2023, revele CG SYNAPOHA, Lionel Lazarre sou antèn radyo Magik9.
Vrèman vre, daprè Kowòdonatè Jeneral Sendika  Nasyonal Ofisye Polis Ayisyen yo (SYNAPOHA), Lionel Lazarre, pou mwa sa a, Lapolis Nasyonal Dayiti a deja genyen 8 polisye ki fè vwèl pou peyi san chapo pandan y ap egzèse travay yo. 10 janvye, pandan y ap fè yon kontwòl woutin nan Kafoufèy, bandi ak zam te retire lavi 2 ofisye ki se Dempsey Denis, 32 lane, ajan 1, ki soti nan 27tyèm pwomosyon ak Jean Daddy Prévilus, ajan 1 nan 31nyèm pwomosyon.
Dudley Lafond, 25yèm pwomosyon Lapolis Nasyonal Dayiti, te tonbe anba bal, 7 jou aprè lè bandi te atake nan zòn bisantnè yon patwouy li te ladanl, epi yo te pran kadav defen an yo ale avè l. Daprè kèk sous se ta travay mesye manm gang Izo yo, nan vilaj de dye.
San bliye asasina Gérald Octinal, 30yèm pwomosyon, Duckens Cejuste, 24yèm pwomosyon ak Luc Eliezer, 20yèm pwomosyon, ki te travèse pou peyi san chapo, vandredi 20 janvye 2023 a, lè bandi ak zam ki fè pati gwoup gang Vitelhomme yo te pran yo nan anbiskad.
N ap note, nan menm vandredi 20 janvye sa a, gen yon lòt ajan Lapolis ki te blese gravman grav, epi ki te al rann dènye souf li nan yon Lopital nan Kapital la. bandi yo te ale ak youn nan Polisye yo.
Yon lòt bò, Lionel Lazarre te fè konnen nan entèvansyon li sou radyo Magik9, Direktè Depatman Lwès 1 an, Serge Allan Jolicoeur ta rapòte pa t gen okenn operasyon ki te planifye, li te di tou apèl la soti nan abitan yo nan zòn nan, ki te fè konnen Lapolis te pran nan anbiskad, pandan 2 nan yo te mouri sou plas.
Ofisye lapolis la a, te kontinye pou li di patwouy la te gen sèlman 5 ofisye lapolis devan 3 machin ki te gen prèske yon dizèn gason ak gwo zam fann fwa nan men yo, epi polisye yo pa t gen okenn ranfòsman, malgre yo te lanse yon apèl pou mande èd.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.