Yon total 1200 paspò pare pou livrezon nan Konsila jeneral Ayiti an nan Santiago 

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
yon total 1200 paspò pare pou livrezon nan konsila jeneral ayiti an nan santiago

Nan yon moman kote imigrasyon nan peyi Repiblik Dominikèn pa sispann depòte ayisyen san papye yo, Konsila jeneral Ayiti an nan Santiago enfòme kominote an sou rive nouvo estòk 1200 paspò sa pou ayisyen sa yo k ap viv nan rejyon Cibao an. 

Sou rezo sosyal yo, Konsila jeneral Ayiti an nan Santiago anonse rive lo paspò sa yo ki pare pou livrezon kote moun ki te depoze pandan mwa mas ak avril 2022 an kapab pase retire dokiman sa nan konsila a pou regilarize sitiyasyon yo sou teritwa dominiken an. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Konsila jeneral Ayiti an nan Santiago fè konnen nan kad pwogram sa ki vize bay ayisyen yo, prensipalman sila yo ki nan rejyon Cibao an, dokiman sou teritwa dominiken an, genyen jedi 22 desanm ki sot pase a anviwon 700 ayisyen ki resevwa dokiman tankou paspò, batistè ak kat idantite. 

« Chak grenn ayisyen ki ap viv Repiblik dominikèn, patikilyèman nan rejyon sibao an dwe gen paspò yo, epi konsila a ap travay pou paspò yo prè pi rapid. Kèlkeswa kote ayisyen an ye, konsila a ap deplase vin fè dokiman pou li pou rann li legal», pawòl Konsil chèf pòs la, Jean Gardy Marius. 

Anpil plenyen konn fèt bò kote resòtisan ayisyen yo ki nan peyi etranje, prensipalman sila yo ki an Repiblik Dominikèn, sou reta ki abitye genyen nan livrezon dokiman yo nan divès konsila Ayiti yo. Konsila jeneral Ayiti an nan Santiago anonse y ap travay pou dokiman yo livre pi rapid. 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.