Kaká jwenn lisans li pou l vinn antrenè 

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
kaká jwenn lisans li pou l vinn antrenè

Anpil jwè aprè karyè yo pa deside pran chemen antrenè, genyen ki plis wè yo nan biznis. Men konsa tou genyen ki bay tèt yo pou yo rete atache ak jwèt sa yo renmen anpil la. Jodi lendi an, ansyen jwè Milan Ac ak Realmadrid la, Kaká jwenn lisans li pou l vinn antrenè.  

Ansyen Balon dò 2007 la, Ricardo Izecson dos Santos Leite, jwè yo konnen plis sou non Kaká, resevwa lisans li pou li kapab vin antrenè. Kaká se yon jwè ki te reyalize anpil bèl bagay nan karyè foutbolè li, kesyon kap poze: eske l ap swiv menn chemen sa nan tèt yon klèb oubyen yon seleksyon ? 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Anpil jwè rive fè siksè nan ekzèsis sa, soti foutbolè pou vinn antrenè, nou kapab site Guardiola, Zidane, Deschamps, Simeone, Scaloni pou site sa yo sèlman. yon bagay nou dwe souliye, peyi Brezil pa tèlman bay bon antrenè sou sèn entènasyonal la, se yon rezon pou montre depi kèk tan seleksyon Brezil la gen gwo difikilte ak seleksyonè li angaje yo soti sou Dunga pou rive sou Tite.  

Se vre, dènye jou sa yo federasyon Brezil la ap chache yon coach pou ta pran tèt seleksyon an, men sa anpil fanatik Brezil dwe konnen, Kaká pa gen yon bon CV ak eksperyans pou responsabilite sa. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive