Sa pase nan minisipalite Tamayo nan pwovens Bahoruco, Repiblik dominikèn. Yon jenòm rantre al vòlè kay yon moun epi dòmi pran l andedan kay moun yo, sa ki parèt pi dwòl la, yo vin jwenn li toutouni sou yon kabann.
Yon videyo montre prezime vòlè a lonje kè pòpòz sou yon kabann, epi nou tande vwa yon fanm k ap mande l eksplikasyon kòman l fè ateri andedan kay la, epi di li men lapolis ap tann li deyò a. Lè endividi a leve li parèt toutouni jan manman l te fè l.
Fas ak kesyon dam nan poze l la, vòlè a sèlman detire epi kouche pi rèd, se kòmsi se te mari dam nan, dam nan ki t ap pèsiste poze mouche a lòt kesyon, li te reponn dam nan konsa : “Mwen nan prizon madanm, m fini.”
Videyo a montre jan nonm nan gaye kay moun yo. Li lage rad, vesèl atè epi fouye mezi tiwa ki gen andedan an.
Dam nan tounen plenyen pi rèd : “gade dega w fè isi a, kijan w fè rive kote w ye a, kiyès ou ye, epi gade jan w gaye andedan an, men lapolis ap tann ou deyò a”. Fwa sa dam nan tounen ak yon lòt moun pou akonpaye li, yon gason. Toutfwa videyo a pa fini pou bay detay sou kòman sa fini si lapolis entèpele endividi a, oubyen si dam nan mete l deyò.
Facebook Comments