Pwoblèm pou PSG ki p ap ka konte sou Messi fas Bayern Munich 

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
pwoblèm pou psg ki p ap ka konte sou messi fas bayern munich 

Aprè eliminasyon ekip PSG a nan « Coupe de France » lan fas ekip Olympique de Marseille la (2-1), PSG nan gwo difikilte aprè Mbappé k ap rate match fas Bayern, nan Champions League la, dènye nouvèl yo konfime  Messi p ap prezan nan match chòk sa a, pou 8tyèm final Champions League la.

Daprè l’Équipe, Messi ap rate chòk 8tyèm final Champions League la fas Bayern.  Pulga a ki te blese nan rankont fas ekip Olympique de Marseille la nan « Coupe de France » lan p ap prezan.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Ajanten an ap rate match k ap opoze ekip li a fas ekip Monaco a, tris nouvèl, madi li p ap ka jwè nan Champions League la. Sa ki se yon gwo pwoblèm pou ekip PSG a, ki pèdi yon lòt jwè enpotan aprè Mbappé.

Neymar pral gen plis responsabilite sou do l aprè Blese 2 jwè sa yo ki enpòtan nan efektif klèb kapital la. Galtier ki gen devwa pou l ratrape l fas Monaco, epi al afwonte pou ekip PSG a nan Champions League la. Yon match ki enpòtan pou PSG ki toujou ap chache tit sa.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive