Zlatan kritike konpòtman Ajaten yo nan Mondyal 2022 a 

Zlatan Kritike Konpòtman Ajaten Yo Nan Mondyal 2022 A 

zlatan kritike konpòtman ajaten yo nan mondyal 2022 a 

Pandan yo te envite l sou France Inter nan okazyon sòti fim Astérix et Obélix : L’Empire du Milieu li jwe ladan l lan, Zlatan Ibrahimović tou pwofite pale de Ajaten yo nan Mondyal 2022 a. Konpòtman yo pa t fè l plezi.  

Zlatan Ibrahimović ap jwe yon wòl nan nouvo fim Astérix et Obélix la k ap soti premye Fevriye. Pou sa, yo t envite l nan yon emisyon nan France Inter, jounen mèkredi a. Nan emisyon sila a, li pwofite pran abò chanpyon Mondyal 2022 a. 

« Yo konsidere Messi tankou pi gwo jwè istwa a, m te konnen l ta pral genyen Mondyal la. Sa k pral pase, Mbappé ap genyen yon lòt Koupdimonn. M pa bay tèt mwen pwoblèm pou li  » li t ap déclare. 

« M enkyè pou lòt yo ki an Ajantin, paske y ap sonje Messi men lòt yo te mal konpòte yo, nou pa ka respekte sa. Pou mwen k ap pale antanke jwè pwofesyonèl wo nivo,  se yon siy ki montre w ka genyen yon fwa men w p ap toujou genyen  » Zlatan t ap esplike. 

 » Se pa konsa moun genyen  » li te di pou fini. N ap raple anpil jwè Ajaten, sitou gardien an Emiliano Martinez pa t sispann fè tapaj aprè yo fin pran tit la. Nan selebrasyon l, gardien an te menm menm tèt Mbappé sou yon poupe. 

 

Quitter la version mobile