Gwo dife nan peyi Chili, omwen 24 moun mouri

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
gwo dife nan peyi chili, omwen 24 moun mouri
Gwo dife ki eklate nan divès forè sant sid peyi Chili touye pou pi piti 24 moun epi lakòz prèske 1000 lòt sòti blese, nan mwens pase 24 èdtan, daprè sa otorite lokal yo fè konnen.
Bilan ofisyèl otorite yo rapòte chif sila yo, alòske katastwòf la, vrè kòz li poko fin detèmine, deja detwi 800 abitasyon nan 5 jou, sitou akòz van ki genyen epi tanperati yo ki siperyè ak 40°C. Sa lakòz dife yo ravaje kèk 270 mil ekta tè ki sitiye yo ak prèske 500 kilomèt Santiago.
Genyen 10 moun yo deja arete pou responsabilite yo nan limen kèk dife ki lakòz ensandi forè yo. 3 nan rejyon ki touche anba 260 ensandi ki aktif yo rete an alèt wouj.
Gouvènman chilyen an deja mobilize pou fè fas ak sitiyasyon an. « Tout Chili ap kriye avèk nou. Mwen la pou m di nou nou pa poukont nou […]. N ap afwonte ijans lan nan tèt ansanm », se kèk pami divès deklarasyon prezidan chilyen an Gabriel Boric fè.
Èd entènasyonal deja kòmanse rive sou teritwa a. Depi dimanch yon avyon sòti nan peyi Lespay avèk 50 moun abò li, ladan yo genyen espesyalis, militè ak pilòt dwòn.
Konsa tou ministè chilyen Afè etranjè a fè konnen genyen kowòdinasyon k ap fèt avèk kèk lòt peyi tankou Ajantin, Brezil, Ekwatè, Lèzetazini ak Meksik. Fas ak sitiyasyon an, gouvènman an menm deklare eta katastwòf konstitisyonèl nan kèk rejyon nan lide pou kontwole ijans lan, limite sikilasyon moun epi itilize fòs militè yo pou anpeche dezas la pran plis teren.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.