Aprè Arsenal te fin pèdi fas Everton samedi an nan kad 22zyèm jounen Premier League la, anpil fanatik te gentan kwè defèt sa ap aranje koze Manchester City, pou l te redwi eka 2 pwen sèlman. Sa ki pa rive fèt, ak yon gòl Harry Kane nan 15zyèm minit, Spurs yo genyen Citizen yo.
Chòk 22zyèm jounen Premier League la fini nan avantaj Tottenham fas ak Manchester City (1-0). Yon defèt ki aranje Asernal ki te pèdi li menm tou samedi pase a devan Everton (1-0). Skyblues yo toujou rete ak 45 pwen an, Spurs yo pran 5kyèm plas la ak 39 pwen nan do Newcastle (40 pwen).
Gòl Harry Kane nan bay ekip Tottenham nan yon bèl viktwa epi ouvè yon paj istwa ak Tottenham. Grenn gòl sa, mete star anglè a, nan tèt meyè bitè Spurs yo ak 267 gòl.
Ekip Guardiola a gen 5 pwen an reta ak Arsenal, ki se leader chanpyona anglè a. Skyblues yo toujou nan kous pou tit la, Tottenham li menm ap batay pou yon plas Champions League pou sezon k ap vini an.
Facebook Comments