Repiblik Dominikèn kontinye ap ranfòse prezans li sou fwontyè a

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
repiblik dominikèn kontinye ap ranfòse prezans li sou fwontyè a

Fas ak sitiyasyon twoub k ap devlope an Ayiti an ki reprezante yon menas pou sekirite enteryè lòt peyi nan rejyon an, gouvènman dominiken an kontinye ap pran dispozisyon pou sekirize teritwa yo an depi sou fwontyè an.

Depi semèn ki sot pase an, plizyè dizèn sòlda ak de (2) elikoptè lame dominiken debake sou fwontyè an pou ranfòse prezans yo nan vil fwontalye Dajabón nan lide pou kontwole tout sa k ap rantre sou teritwa yo an ki kapab yon potansyèl menas.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Avèk sitiyasyon kawo k ap devlope an Ayiti an, prensipalman sou kesyon sekirite, Chèf Leta dominiken an, Luis Abinader, ak tout ekip gouvènmantal li an, deside ranfòse sekirite sou fwontyè an pou anpcehe endividi lajistis ap cheche an Ayiti pa vin kache lakay yo.

Nan menm lanse sa, gouvènman dominiken an pibliye jodi lendi an yon lis 39 pèsonalite Ayisyen ki pa gen dwa rantre sou teritwa yo an kote pami yo gen divès chèf gang k ap opere nan rejyon metwopolitèn Pòtoprens lan.

N ap raple, peyi Etazini ak Kanada te deja pran dispozisyon pou sanksyone anviwon yon dizèn pèsonalite ki fè pati sektè ekonomik ak politik ayisyen an pou enplikasyon yo nan alimante ensekirite a an Ayiti nan finanse gwoup ame yo nan peyi a.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.