Sa gen yon lane, lajistis nan peyi Angletè te mete jèn atakan Anglè a, Mason Greenwood anba kòb pou tantativ vyòl ak agresyon. Jodi a, lajistis di li p ap pouswiv jwè a ankò.
Nan mwa janvye 2022, karyè foutbolè Mason Greenwood ta pral pran yon gwo kou aprè l te vin annafè ak lajistis. Yo te akize jwè Manchester United la pou tantativ vyòl ak agresyon sou yon fanm ki te konpay li nan epòk la (2018-2022). Jedi sa, lajistis abandone pouswit yo.
Ankèt ki ta pral mennen Greenwood nan prizon an te tanmen depi nan janvye 2021. Nan mwa Oktòb ki sot pase a, yo te enkilpe l pou tantativ vyòl epi kou ak blesi sou yon sèl viktim.
Lajistis britanik pa gen pwoblèm ak atakan Red Devils yo anko. Klèb la pa pèdi tan pou l akeyi pitit kay la. Sou sit entènèt Manchester United la, yo gentan remete foto l kòm jwè ki fè pati efektif pwofesyonèl la.
Avan li te tonbe nan pwoblèm ak lajistis, Greenwood te yon jwè ki t ap monte an pwisans nan ekip Manchester a. Jwè 21 lane a di l soulaje lè w wè dosye sa klase. Li remèsye fanmi l ak zanmi l epi li di l poko ap fè lòt kòmantè nan moman an.
