2 Ayisyen enplike nan vòlè prèske 115 mil peso sou yon Dominiken ki te ba yo travay

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
2 ayisyen enplike nan vòlè prèske 115 mil peso sou yon dominiken ki te ba yo travay

Basilio Vélez Torres se idantite yon agrikiltè dominiken 3 Ayisyen fè dappiyanp sou li epi vòlè 113 mil 550 peso li te genyen sou li. Genyen 2 nan Ayisyen sila yo fòs lòd yo rive mete anba kòd. Yo t ap travay avèk konsène a.

Aksyon sila pase nan zòn Montazo, pwovens Santiago Rodríguez. Alòske l t ap travay nan pwopriyete prive li avèk etranje ayisyen yo, yon lòt parèt sou yo, yo 3 fè kò sou li, daprè sa agrikiltè a rakonte bay lapolis.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Polis dominikèn rive mete lapat nan kòlèt 2 Ayisyen Basilio Vélez Torres te bay travay yo, kanta lòt la, yo idantifye sou ti non « Yunsu », rive sove ak tout kòb yo te vòlè a.

Menm si fòs lòd dominiken yo arete 2 travayè ayisyen ki enplike nan zak sila, toutfwa yo pa bay pyès detay sou idantite yo, daprè jounal dominiken Listín Diario.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.