Vinicius Jr pran revanj li fas ak Atletico Madrid  

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
vinicius jr pran revanj li fas ak atletico madrid  

Aprè fanatik Atletico Madrid yo te fin pann yon estati Vinicius nan mitan vil Madrid epi ekri nan yon bandwòl  » Madrid rayi Real ». Real genyen Atletico Madrid (3-1) aprè Pwolongasyon nan Santiago-Bernabeu a, Vinicius make yon gòl epi danse samba, epi fè babay ak Atletico Madrid nan Koup Wa a.  

Real Madrid kalifye pou demi final Koup Wa a aprè li fin bat Atletico Madrid (3-1) nan pwologasyon. Rodrygo fè yon bijou pou Real Madrid te egalize nan 79vyèm minit.   

- Advertisement -
Ad imageAd image

Real rejwenn Barcelone, Osasuna ak Athletic Bilbao. Tiraj demi final yo se pou lendi, kote match yo ap fèt ale-retou.  

Polemik kite kache dèyè rankont sa te fè anpil pale nan laprès, paske avan match la Vinicius se te sib fanatik Atletico Madrid yo, kote yon estati Brezilyen an te pann nan vil Madrid. Aprè gòl Morata nan 19vyèm minit, gòl Rodrygo a, te voye 2 ekip yo nan pwolongasyon.  

Nan pwologasyon an, Benzema ta pral fè 2zyèm gòl Real la, aprè Vinicius ta pral tiye tout espwa Colchoneros yo. Brezilyen an te tou pwofite fè dans samba a, yon dans fanatik Atletico Madrid yo pa renmen, ki ta pral fè anpil polemik ak pawòl rasis yo.  

Rankont sa se te premye match M. Depay sou mayo wouj-blan yo. Yon lòt fwa ankò Real Madrid elimine jwè Simeone yo nan yon konpetisyon. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive