2023, yon ane peripesi pou chofè machin yo an Ayiti anba grif bandi

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
2023, yon ane peripesi pou chofè machin yo an ayiti anba grif bandi

Sektè transpò piblik la an Ayiti deplore nan yon kominike gwo defisi yo anrejistre pandan ane 2023 sa ki daprè yo te yon lane maswife. Nan yon bilan pasyèl ki piblik, omwen 23 chofè bis viktim anba fiziyad bandi nan peyi a, pami yo, 6 pèdi lavi yo nan kondisyon makonèt aprè bandi te boule yo.

Anplis ensekirite a ap vale tèren, se plis sektè transpò a ap menase, paske, daprè pi wo enstans k ap kontwole aktivite transpò a andedan peyi a APCH, chofè yo travay menm nan katye ki pi boulvèsan yo pou chèche kote lavi fè kwen. Toujou nan kominike sa, genyen 5 transpòtè piblik ki te blese gravman grav anba bal, 79 pasaje te pèdi lavi yo, 31 ladan yo kriminèl te boule epi 182 lòt te blese anba bal.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Yon lòt bò, Asosyasyon Pwopriyetè ak Chofè an Ayiti yo (APCH) mansyone 382 ka kidnapin sou chofè ak pasaje ki anrejistre pandan ane a, sòti mwa janvye pou rive dènye dat nòt sa siyen an.

Kont vyolans gang sa yo sou chofè yo ak pasaje yo malfwa boule tou vivan, mete sou kidnaping an kantite ki pa sispann anrejistre, mete yon aksan sou bezwen ijan bon jan aksyon otorite konsène yo pou asire sekirite nan sektè transpò a.

Changeux Mehu mande yon repons prese prese epi efikas pou mete fen nan dividal vyolans sa ki mete gwo laperèz nan mitan travayè yo ak pasaje yo.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.