27, 434 ka sispèk, kolera toujou reprezante yon menas pou Ayiti

Par
Kethia Saint Marc
Rédactrice
Journaliste rédactrice, institutrice, maîtresse de cérémonie, diplômée en informatique ,passionnée de la présentation ainsi que l'animation.
- Rédactrice
27, 434 ka sispèk, kolera toujou reprezante yon menas pou ayiti
27, 434 ka sispèk depi dezyèm vag kolera nan kòmansman mwa oktòb 2022 a, sa ki lakòz 50 nouvo ka entène lopital depi 31 janvye 2023 a. bilan sa a montre a klè, Kolera rete yon gwo menas pou peyi a.
Eleman prensipal yon kriz imanitè genyen plizyè aspè, ka kolera yo kontinye ap ogmante epi yo kontinye yon sijè enkyetid pou aktè nasyonal ak entènasyonal yo.
Prensipal ajans Nasyonzini yo kontinye ap sonnen alam sou ogmantasyon ka kolera yo an Ayiti. UNICEF raple kolera a afekte 40% timoun ki asosye ak malnitrisyon nan peyi a, sa ki kapab mennen peyi a nan direksyon yon katastwòf imanitè.
Peyi Dayiti konnen tout pwoblèm ki te ka egziste pandan 2 dènye ane sa yo. Ane 2022 a, se youn nan ane kote  peyi a pa t ko janm konnen, tèlman l te chaje ak kriz pami yo ; ensekirite alimantè, ratman gaz, ensekirite epi yon dezyèm vag kolera ki vin ajoute sou tout pwoblèm sa yo. Poutan, ane 2023 a kòmanse ak yon vizaj byen sonm pou popilasyon ayisyèn nan, se kòm si 2022 a vin kontinye nan 2023 a.

Stay connected with NetAlKole

Partager cet article
Rédactrice
Suivre
Journaliste rédactrice, institutrice, maîtresse de cérémonie, diplômée en informatique ,passionnée de la présentation ainsi que l'animation.