Kèk rekri kòmanse fè mak yo nan nouvo klèb yo

Jephte Pascal
Par
Jephte Pascal
Rédacteur
Homme de lettres. Étudiant à la Faculté de Linguistique Appliquée de l'UEH. Rédacteur sportif de NetAlKole Media ainsi que présentateur de Pale Boul.
- Rédacteur
kèk rekri kòmanse fè mak yo nan nouvo klèb yo
Mèkato ivènal la fini, gen jwè ki rejwenn nouvo klèb epi ki tou kòmanse jwe ak yo. Jwè tankou Cancelo oubyen Ounahi desizif nan premye match yo jwe yo.
Gen jwè ki pa pèdi tan pou yo atache yo ak yon nouvo avivonnman. Mache transfè a apenn fini, gen jwè ki tou kòmanse enskri non yo kòm moun ki desizif pou premye match yo jwe ak nouvo klèb yo.
Joao Cancelo ki kite ekip Manchester City a pou l al nan Bayern Munich,  akoz yon dezakò li gen ak Guardiola, gentan bay pas gòl ak klèb Bavawa a. Lateral Pòtigè a te bezwen sèlman 17 minit pou l te pase desizif nan viktwa Bayern (4-0) devan ekip Mayence lan.
Bayern fè premye viktwa l pou lane 2023 a, 2 semèn avan l al afwonte PSG nan uityèm final Champions League la. Ekip la rete sou 3 match nil nan Bundesliga a men li bat nan Koup Almay la. Cancelo te titilè 24 èdtan aprè l fin rejwenn chanpyon Almay an tit la.
Azzedine Ounahi, revelasyon dènye Koupdimonn lan avèk Mawòk, apenn entegre efektif  »Olympique de Marseille’‘ la. Li kite ekip Angers a. Yo te konvoke l pou match OM t ap jwe nan Beaujoire la kont FC Nantes nan lide pou klèb Maseyè a rapwoche l sou lidè yo.
Ounahi rantre nan dènye kadè match la epi li ta pral sele sò match la ak yon bijou li reyalize. Pandan l te jwenn yon pas ki lanse l devan, Mawoken an mistifye defansè a ak 2 kwochè avan l al bati gadyen an. OM bat match la 2 gòl a zewo. Yon bon koumansman pou Ounahi.

Stay connected with NetAlKole

Partager cet article
Rédacteur
Suivre
Homme de lettres. Étudiant à la Faculté de Linguistique Appliquée de l'UEH. Rédacteur sportif de NetAlKole Media ainsi que présentateur de Pale Boul.