Sèlman 3 ekip an Ewòp ki fè 50 pwen nan mwatye sezon an

Jephte Pascal
Par Jephte Pascal  - Rédacteur
sèlman 3 ekip an ewòp ki fè 50 pwen nan mwatye sezon an
Nou rive nan mwatye sezon an pou sa k gen pou wè ak pi gwo chanpyona Ewopeyen yo. Nan Top 5 UEFA, se sèl Napoli, Arsenal ak Barcelone ki rive fè 50 pwen nan stad sa.
Premye pati sezon an enpòtan anpil pou detèmine kiyès k ap genyen chanpyona a, menm si yon ekip fè tout chanpyona a ap mennen, sa pa anpeche l pèdi chanpyona a nan fen an. Pou moman sa, Napoli,  Arsebal ak FC Barcelone ap mennen deba yo nan chanpyona respektif yo.
Napoli anvi mete men l sou Serie A  a pandan  sezon sa. Sa gen plizyè lane Napoliten yo pa pran chanpyona a sezon sa, avèk bèl ekip li genyen an, Napoli kontabilize 50 pwen pou 19 match li jwe. Si ansyen klèb Maradona a kontinye sou lanse sa, li klè se li k ap chanpyon nan peyi Itali.
Arsenal pa manje anyen ki frèt pandan dewoulman sezon sa nan Premier League la. Yon jèn ekip,  yon jèn antrenè, men yo vle mete tout moun sou konpa. Nan 19 dyèl yo fè nan chanpyona a pou sezon 2022-23 a, yo genyen 16 match, yo pèdi youn epi yo fè yon nil. Sa ba yo an total 50 pwen.
Se menm kout baton an nan peyi Lespay avèk ekip FC Barcelone nan. Aprè 19 jounen nan Liga a, Katalan yo prezante menm bilan Arsenal prezante nan Premier League la. Se sizyèm fwa Barça fè 50 pwen (ou plis) aprè 19 jounen chanpyona.

Facebook Comments

Partagez cet article
Jephte Pascal
Par Jephte Pascal Rédacteur
Follow:
Homme de lettres. Étudiant à la Faculté de Linguistique Appliquée de l'UEH. Rédacteur sportif de NetAlKole Media ainsi que présentateur de Pale Boul.