Dezyèm lidè gwoup kriminèl « 400 Mawozo » a, Jermaine Stephenson alyas Gaspiyay mouri anba bal aprè midi Jedi 27 Avril 2023 a, daprè sa nou aprann.
Estrikti kriminèl ki rele « 400 Mawozo » a k ap simen laterè nan komin Kwadèboukè depi yon bon bout tan apenn pèdi yon manm enpòtan. Vreman vre, nimewo 2 rezo kriminèl sa a, Gaspiyay, vale batistè li aprè midi jedi a.
Daprè sous nou an, lanmò swadizan bandi Jermaine Stephenson (Gaspiyay) similè ak yon bagay mistik.
Fòk nou raple tou nimewo 2 gang « 400 Mawozo » a Gaspiyay, sou lis plis pase 30 ayisyen ki sanksyone epi ki pap ka rantre nan peyi Repiblik Dominikèn.
Facebook Comments