3 Ayisyen mouri nan yon fiziyad an Repiblik dominikèn 

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
3 ayisyen mouri nan yon fiziyad an repiblik dominikèn

3 sitwayen ayisyen mouri pandan yon fiziyad nan Repiblik dominikèn nan fen semèn ki sot pase la, nan lannwit dimanch 13 pou al bout lendi maten 14 Novanm 2022 a, nan Cuesto Colorada ki nan Santiago de los Caballeros. 

Pami viktim yo, otorite polisyè yo ki te sou plas rive idantifye youn yo konnen ki se “Chiquito”, yo konnen l sou non sa. Lapolis t ap chèche l ak yon manda arestasyon pou vòl grav ak omisid. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Evenman sila pase nan Cuesta Colorada, daprè rapò medsen lejis la, 3 etranje yo mouri pa bal. 

N ap raple nan Santiago de los Caballeros, pou pi piti 8 moun mouri akòz zak vyolans wikenn pase a. Dimanch bò minwi, 4 moun mouri epi 4 lòt te sòti blese aprè endividi ak zam yo pa rive idantifye te louvri kout zam sou yo pandan yo te nan yon fèt, tou pre yon pòs polis nan Hermanas Mirabal, nan Santiago de los Caballeros. 

N ap raple dènye tan sa yo sitiyasyon Ayisyen yo k ap viv an Repiblik dominikèn pa fasil ditou – sitou sa ki pa legal yo, anplis imigrasyon an k ap chèche yo lannwit kou lajounen pou depòte yo an Ayiti epi aksè ak plizyè sèvis sosyal yo pa genyen, konpatriyòt y ap fè fas ak divès diskriminasyon pa bò kote majorite Dominiken yo, ki konn menm atake oubyen retire vi yo nan fason ki trajik anpil. 

Genyen plizyè Ayisyen ki viktim anba ensekirite a nan Repiblik dominikèn, malerezman pa gen okenn dispozisyon ki pran pa bò kote Ekzekitif dominiken an pou pwoteje yo. Yo lage 2 bra pandye nan yon peyi kote yo genyen anpil difikilte pou entegre yo. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.