Lorena Bobbitt, yon jèn fanm 24 lane ki te koupe peni mari l ki te konn maltretel 

Sam Sarah Devilus
ParSam Sarah Devilus- Rédactrice
lorena bobbitt, yon jèn fanm 24 lane ki te koupe peni mari l ki te konn maltretel 

Aprè plizyè lane ap sibi tout kalite vyolans konjigal, Lorena Bobbitt pral mete yon bout ak sa nan yon fason espesyal: yon lanwit aprè maril finn bat li epi vyole l, Lorena koupe grenn nèg la, epi li chape poul li. 

Nan mwa jen 1993, John Bobbitt yon ansyen solda nan lame Ameriken, ki te revoke nan inite sa akoz pwoblèm li ak alkòl, rantre lakay li tou sou. Li apwoche madanm li pou l fè bagay avè l, men Lorena pa dakò. Alòs Jhon vide baton sou li epi vyole l, jan li toujou fè sa, chak fwa fi a pa dakò fè sèks avek li. Lè l fini li kouche epi l dòmi. Lorena antre nan kizin nan, li bwè enpe dlo, je l tonbe sou yon kouto epi yon lide pase nan tèt li.  

- Advertisement -
Ad imageAd image

Lorena pran kouto a, li antre nan chanm nan, epi li koupe peni John epi li sove kite kay la. Pandan lap fann wout nan machinn li, li rann li kont bout peni an rete nan men l toujou. Li tire l jete nan fenèt la. Lè li reprann kalm li, li ale pote tèt li bay lapolis. 

« Li ban m kalòt, li bat mwen, li redi cheve m epi li vyole m. Mwen te di l m pa vle fè bagay avek li men li pat vle tande yon mo m tap di yo, » se konsa Lorena te temwanye devan lajistis nan kad pwosè ki te opoze li menm ak mari li pou vyolans konjigal. 

Istwa sa ta pral louvri je tout moun sou koze vyolans konjigal la, e pwosè sa ki te fè anpil pale nan laprès, te vinn tankou pwosè tout fanm k ap sibi vyolans san yo paka pale.  

Nan mwa Jen 1994, lajistis leve tout chaj ki te peze sou Lorena aprè jij la te deklare aksyon li poze a se yon eksè foli pasaje. Lorena ta pral pase 45 jou nan yon sant sikatri pou yo obsève l, epi lajistis blanchi mari li, John Bobbitt nan kad yon pwosè pou move tretman.  

Koup sa pral tounen yon fenomèn kiltirèl kote istwa li enspire kèk replik fi m ak kèk pwodwi tankou mayo ki gen pòtrè koup la, ki te vann anpil nan epòk sa. Kòb sa te sèvi pou finanse operasyon John pou rekoud peni an, pou ba li youn an antye. Polisye yo te jwenn bout grenn koupe a, kèk kilomèt ozanviwon de kay koup la te abite a. 

Divòs yo pwononse nan lane 1995, Lorena te vinn ouvri kèk tan aprè yon fondasyon ki la pou ede fanm ki viktim vyolans konjigal. John li menm vinn antre nan fè pòno, e li te popilè anpil. Estidyo pwodiksyon yo fè plizyè adaptasyon fim de istwa sa, tankou prime video ak TFI. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Sam Sarah Devilus
Par Sam Sarah Devilus Rédactrice
Follow:
Journaliste / Communicatrice / Bookstagrameuse.