Yon kamyon ki t ap transpòte siman pèdi fren sou wout Mòn Tapyon an jodi madi 23 me 2023 a, nan Komin Tigwav. Kamyon siman an ki fè kolizyon ak yon lòt ki te gen pwovizyon manje ladan l te kreye gwo panik sou wout la. Kòm rezilta, kolizyon sa a mennen lanmò 3 moun epi plizyè lèzòt te sòti blese gravman grav, daprè dènye bilan pasyèl ki disponib yo.
Daprè premye eleman enfòmasyon ki disponib depi sous nou Le Facteur Haïti, pami viktim yo ki pèdi lavi yo a, gen youn se kontwolè youn nan kamyon yo, sa yo souvan rele bèf chenn nan lang kreyòl Ayisyen an.
Anplis de li, 2 lòt moun ki te sou wout la pèdi lavi yo pandan aksidan sikilasyon sa a. Plizyè lòt moun sòti blese, pami yo youn nan chofè kamyon yo.
Menmsi idantite viktim yo rete enkoni annatandan, men bilan pasyèl yo revele lanmò 3 moun epi plizyè blese. Popilasyon an te toutswit kouri lopital ak yo pou evite plis moun trepase aprè tèrib aksidan sikilasyon sila a.
Facebook Comments