4 rezon ki ka fè yon moun rete viv Ayiti pou ane 2023 a 

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
4 rezon ki ka fè yon moun rete viv ayiti pou ane 2023 a 

Depi kèk ane, viv nan peyi Ayiti se yon chwa difisil, se yon chwa tonton palmis, kote lavi ak lanmò souvan rankontre nan menm chimen, chita sou menm tab. Malgre ensekirite, vyolans ak enflasyon an k ap plonje ak tout boulin, anpil moun jwenn fòs ak kouraj, fè je yo sèch pou yo rete viv sou bout tè Papa Desalin nan. Kote lekòl rete fèmen, grangou ap taye banda epi lamizè k ap vale teren tankou dola ameriken an. 

Anpil moun ap vwayaje, pran kanntè, vann tout sa yo genyen pou yo chape poul yo, al chache lavi miyò lòt bò dlo, yo kwè pa gen chanje pou peyi Ayiti. Kidnapin melanje ak vyolans tout koulè, bandi pran plas mouche Leta, kò gang pouse tankou djondjon nan repiblik la. Men sa pa anpeche anpil moun rete nan peyi a, pou yo batay ak lavi, pou yo viv. Men 4 rezon ki ka pouse yon moun rete viv Ayiti pou ane 2023.  

- Advertisement -
Ad imageAd image

Rezon 1 : reziyasyon, tout bagay sou kont  Bondye oubyen lwa yo  

Se pa tout moun ki gen mwayen pou vwayaje oubyen jwenn kòb pou yo pran kanntè, oubyen tou lage kò yo kay vwazen an. Moun sa yo oblije reziye yo, lage lavi yo sou kont Papa Bondye oubyen lwa yo.. Se moun ki kwè peyi Ayiti se yon tè glise, jouw fè a se li w konte. Moun sa yo plis ap viv nan katye popilè yo, nan zòn kote ki pa gen kouran, pa gen dlo, pa gen lopital, pa gen lekòl, zòn kote dwa moun ap trennen nan labou, anpil  nan yo renmen Ayiti.   

Rezon # 2 : moun ki gen biznis ki pa vle al rete ak blan  

Se vre ekonomi Ayiti a an degraba,  men gen yon ekip moun ki pran richès peyi a an otaj, yo gen gwo biznis yo, yo vwayaje lè yo vle, yo gen kontwòl pouvwa, kidonk antrepriz yo ap mache, lajan ap brase. Se nèg k ap jere bank yo, makèt yo, gwo depo pwovizyon alimantè yo, gaz la ak anpil lòt ankò. Moun sa yo prefere viv Ayiti nenpòt jan sa ye paske yo gen kontwòl ekonomi peyi a. 

Rezon # 3 : moun ki ap manje lajan Leta nan koripsyon  

Pendan anpil moun ap manje fatra nan katye popilè yo, gen yon ekip moun k ap piye Leta, fè gwo kay, achte bèl machin, fè pitit yo ak madam yo pati al viv nan peyi etranje epi fè Ayiti tounen biwo yo. Anpil nan yo pa envesti yon pyas nan peyi a, se moun ki angaje pou kreye latwoublay epi fè san koule kòmkwa yo gen manda pou sa. Konpòtman yo afiche a se yon konpòtman restavèk, kote y ap travay pou sektè prive a ak kominote entènasyonal la kidonk rete viv Ayiti pou yo, se yon  jwèt domino. 

Rezon # 4 : moun ki nan gang yo ak kidnapin yo 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Depi plis pase 10 lane, kidnapin nan tounen yon biznis ki antre anpil kòb nan peyi a. Nan chak zòn yon rezo gang kanpe dan, plizyè depatman bloke paske se yo ki fè lalwa, yo gen pouvwa, yo gen lajan, yo gen otè entèlektyèl ak gwo patwon nan entènasyonal la ki kanpe nan do yo kidonk yo gen bwa dèyè bannann yo. Podyab Lapolis ki paka fè anyen malgre efò yo chak jou. Moun sa yo p ap kite Ayiti paske bagay yo bèl pou yo, y ap fè lajan sal. 

Si gen bon jan evestisman, bon jan lekòl, bon jan inivèsite ak yon Leta ki respekte tèt li, ki endepandan, ki pran angajman l pou l bay moun sekiririte, pou kreye travay epi mete lòd ak disiplin nan tout rakwen peyi a, anpil moun ap remen rete viv Ayiti, san n pa bliye kantite lajan nou ka fè nan sektè touristik la ak plaj nou yo, mòn nou yo, sit istorik nou yo, manje kreyòl nou yo, elatriye. 

 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive