4 timoun, ladan yo yon ti bebe siviv pandan plis pase 15 jou nan Amazonia, aprè yon aksidan avyon

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
4 timoun, ladan yo yon ti bebe siviv pandan plis pase 15 jou nan amazonia, aprè yon aksidan avyon

Prezidan Kolonbyen a, Gustavo Petro, anonse yo dekouvri kat timoun ki te siviv poukont yo pandan plis pase 15 jou nan forè Amazonia apre yon aksidan avyon. Pou Prezidan peyi Kolonbi a, dekouvèt sila a se yon jwa pou tout popilasyon kolonbyèn lan.

Timoun yo, ki gen ant 11 mwa ak 13 lane, te nan yon ti avyon ki te fè aksidan nan kòmansman mwa me a. Malerezman, manman yo ak de lòt granmoun ki te akonpaye yo an te pèdi lavi yo nan aksidan sa. Aprè plis pase kenz jou rechèch, entans ki te konpoze ak plis pase yon santèn sòlda epi chen snifè, te finalman jwenn yo vivan, san danje.

- Advertisement -
Ad imageAd image

« Yon lajwa pou peyi a, » te di prezidan Kolonbyen an Gustavo Petro, ki te anonse dekouvèt san danje kat timoun sa yo ki gen ladan l yon ti bebe onz mwa ki te siviv pou kont yo  pandan plis pase 15 jou nan forè Amazoni an aprè aksidan an, nan kòmansman mwa me a, nan yon ti avyon yo t ap vwayaje ak paran yo.

N ap note, Avyon Cessna 206 sa te disparèt nan rada a premye me 2023 a pandan l te nan wout San José del Guaviare. Otorite yo te anonse dekouvèt li nan lendi ak kò san vi pilòt la ladanl, men pa t gen okenn tras lòt pasaje yo. Madi, yo te jwenn kadav manman an ak yon twazyèm moun idantite l rete enkoni.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.