5 tit José Mourinho rive pran nan konpetisyon ewopeyen yo

Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel  - Rédacteur
5 tit josé mourinho rive pran nan konpetisyon ewopeyen yo

Yon 6èm final pou José Mourinho nan konpetisyon ewopeyen yo fas ekip FC Seville la nan Europa League, ki se bèt konpetisyon an. Si pou anpil moun klèb espanyòl la se gran favori pou pran Lig Europa sezon sa, Mourinho ki poko janm pèdi yon final ewopeyen, kreye sispens lan pou final la jodi mèkredi a. Nan sans sa, li enpòtan pou n retounen sou 5 tit teknisyen Potigè a rive pran nan karyè li.

Ak 60 lane, José Mourinho sou wout pou l ta genyen 6 final nan konpetisyon ewopeyen yo. Special One lan kontinye ap fè rezilta aprè tit Konferans Lig li te pran ak AS Roma sezon pase a. Jodi mèkredi a, yon lòt defi ap tan ansyen antrenè Real Madrid la pou twofe Puskas Arena Budapest la.

- Advertisement -
Ad imageAd image

5 trofe José Mourinho nan konpetisyon ewopeyen yo

5- Konferans Lig avèk As Roma (2021-22)

AS Roma ki pa t janm rive pran yon tit ewopeyen, te rive bat Feyenoord (1-0) nan final Konferans Lig la sezon pase. Yon siksè ki ta pral vini aprè plizyè lane kote klèb women an pa t janm pran okenn tit enpòtan. Tit sa fè sipòtè AS Roma yo renmen antrenè Potigè a pou fòs mantal ak disiplin li.

4- Lig Ewopa ak Manchester United (2016-17)

Aprè 9 lane san yon tit ewopeyen, José Mourinho ta pral ede Manchester United pran Lig Europa pou premye fwa nan istwa l fas ekip Ajax la (2-0). Malgre pasaj li nan klèb anglè te fè pale anpil, antrenè a te rive genyen tit sa epi bay sipòtè Reds Devils yo lajwa.

3- Koup UEFA avèk FC Porto (2002-03)

Se sou ban ekip Porto a mond lan ta pral dekouvri José Mourinho. Rive nan klèb la an janvye 2002 aprè eksperyans li ak Bobby Robson epi Louis van Gaal. Special One lan ta pral mete klèb Porto a nan yon nivo eksepsyonèl kote l te rive fè yon triple istorik : Koup, tit nasyonal la devan Benfica epi Koup UEFA fas Celtic (3-2 a.p).

2- Lig dè Chanpyon ak FC Porto (2003-04)

Yon lòt sezon avèk FC Porto, Mourinho ta pral antre nan sèk fèmen kote l ta pral fè back to back la ak klèb Potigè a nan chanpyona ak Lig dè Chanpyon an. Dragon yo rive pran tit la fas ekip Monaco a (3-0). Mourinho pa t tann 3 sezon pou l te bay FC Porto 2 tit Ewopeyen, sa ki fè li rete yon lejand nan lespri sipòtè FC Porto yo avan l te rejwenn Chelsea.

1- Lig dè Chanpyon ak Inter Milan (2009-2010)

Aprè siksè Mourinho ak Chelsea nan Premier League la kote l pran 2 tit nan chanpyona sou 3 sezon, ansyen antrenè Porto a ta pral leve yon lòt defi ak Inter Milan an Itali aprè dirijan Blues yo te koupe fache ak li pou move rezilta. Depi nan premye sezon an li pran tit Serie A ak Inter. Nan sezon 2009-10 la, Special One lan ta pral reyalize yon lòt triple nan karyè li, Chanpyona, Koup Itali a epi Siksè nan Lig dè Chanpyon an fas Bayern Munich (2-0). Yon tit klèb la t ap reve depi 45 lane.

José Mourinho ki souvan fè fas ak anpil kritik pou fason li jwe ak presyon li mete sou jwè li yo, pami antrenè ki reyalize anpil bèl bagay ak bon rezilta nan prèske tout klèb li pase yo sou 3 dènye deseni yo. Yon lòt paj nan istwa jwèt la ap tann Special One lan fas FC Seville.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article