Depi kèk tan, nan peyi d Ayiti, chak jou yon nouvèl antre yon lòt, e rezo sosyal yo, an pati, pèmèt sa fèt pi vit gras ak itilizatè yo k ap chèche nouvo bagay pou pibliye oubyen pou konsome. Si platfòm sila yo pèmèt divès kominote enfòme byen rapid, genyen de piblikasyon ki fèt ki nwi ak sante mantal kèk moun, sitou sila ki sansib yo, pami yo jèn yo.
Piblikasyon kontni sou rezo sosyal yo se yon pratik ki fèt chak jou. Pa gen yon lè yon itilizatè monte sou kèk platfòm tankou Facebook, Youtube, Instagram, TikTok, elatriye, pou yo pa jwenn yon bagay pou yo li, gade, oubyen kòmante. Men genyen kèk nan yo, tankou Facebook, ki konn bay aksè ak piblikasyon imaj vyolans menm si l kache l epi bay avètisman sou tip kontni an.
Men pi gwo pwoblèm lan pa chita la, men pito nan kèk aplikasyon mesajri tankou Whatsapp ak Telegram. Lè kèk platfòm mete restriksyon sou yon seri imaj chokan, otè piblikasyon yo konn envite itilizatè a ekri li an prive oubyen bay li envitasyon pou antre nan yon gwoup Whatsapp oubyen Telegram, elatriye, pou l gen aksè ak kontni sila. E se la pwoblèm lan chita paske 2 platfòm sa yo pa bloke mòd imaj sila yo epi pa reyèlman gen yon kontwòl sou tranch laj moun k ap itilize platfòm ak aplikasyon sila yo.
Nan yon tan kote chak moun gen yon telefòn entelijan (smartphone) – timoun yo nan lo a tou – genyen anpil fasilite pou yon moun al tonbe sou divès foto ak videyo vyòl, agresyon oubyen asasina sou tout fòm. E otè piblikasyon sila yo fè li nan lide pou fè plis vizyonaj pou montre yo reyèlman konekte ak aktyalite a ak pou fè lajan. Men malerezman, pratik sila kite yon pakèt lòt moun nan twoma.
Ayiti, yon peyi kote tout lasent jounen bandi ap tiye moun, pa manke kalte imaj sa yo la, mete sou sa zafè “Bwa Kale” a ki vin miltipliye kantite ak kalite mòd kontni sa yo.
Wi, imaj kote moun ap kalonnen moun (bandi) ak wòch, rache yo ak manchèt moso pa mose, mete dife sou yo tou vivan, se sa ki pa manke pou kounya pa bò isit, e lè imaj sa yo pibliye, pèsòn pa konnen kiyès k ap konsome yo – e imaj sila yo rive nan lòt peyi, epi sal imaj Ayiti.
Mete sou sa, ki pi move sansasyon yon moun ka genyen lè l al pantan sou mòd imaj sila yo, san l pa t atann. Swa nan yon gwoup oubyen sou estati yon moun. Lè konsa, sa kont pou deranje jounen w e menm kite w twomatize paske kontni an bay tèt vire ak kè tounen.
Li toujou bon pou yon moun rapòte yon bagay ki pase atravè zouti sila a ki nan men l lan ki se telefòn pòtab li. Men, filme ak fè foto nenpòt sèn ki gen san, vyann ki depatcha pami kèk lòt, pa meyè mwayen pou kenbe yon pwòch enfòme. Imaj sila yo pa bèl ditou, e se yon obligasyon pou pwoteje sila ki pi sansib ak imaj sa yo, sitou timoun.
Kidonk li nesesè pou evite pibliye ak pataje jan de kontni sa yo ki deranjan anpil, san konte fè yo sikile, se fè pwomosyon pou yo san nou pa konnen. Ann evite pataje nenpòt imaj sou rezo sosyal yo ak nan mesajri enstantane yo, patikilyèman sou estati n.
Facebook Comments