55 moun mouri anba bal oswa kout kouto pou mwa fevriye a, daprè òganizasyon dwa moun “OCNH” 

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
55 moun mouri anba bal oswa kout kouto pou mwa fevriye a, daprè òganizasyon dwa moun “ocnh” 
Li difisil pou jwenn yon mo, yon pwovèb, yon ekspresyon ki kapab rezime sitiyasyon aktyèl la nan peyi a sitou nan sa ki gen pou wès ak ekirite. OCNH nan dènye rapò li sou ka omisid pou mwa fevriye 2023 a fè konnen 55 moun mouri anba bal oswa kout kouto, ki gen ladan 2 sòlda FAD’H ak 2 polisye PNH la.  Lwès la ak Latibonit se depatman ki pi mòtèl yo, daprè deklarasyon mèt Camille Occius. 
Si mwa janvye 2023 a te gen yon karaktè vyolan an tèm zak vyolans yo, ka kidnapin ak asasina, ebyen mwa fevriye a te afekte nan yon fason pi radikal epi zak asasina yo te ogmante pi plis.
Aprè plis pase 4 lane peyi a ap fè fas ak yon kriz sekirite anraje, sanble lanfè pèp Ayisyen an poko ap sispann. Chif Òganizasyon Sitwayen pou yon Nouvo Ayiti (OCNH) montre klèman vyolans ak zam oswa kouto rive nan yon pwopòsyon tèt chaje nan peyi a pou mwa fevriye a.
Vrèman vre, pou mwa fevriye 2023 a, OCNH idantifye 55 moun ki mouri ak bal oswa kout kouto nan tout peyi a, pami yo 2 sòlda nan Fòs Lame d Ayiti (FAd’H), 2 polisye nan Polis Nasyonal d Ayiti (PNH). Daprè òganizasyon an 2 depatman ki pi konsène yo, se  Lwès (zòn metwopoliten Pòtoprens) ak Latibonit.
Yon lòt bò li tris pou deteryorasyon klima sekirite a, OCNH denonse konpòtman iresponsab Leta Ayisyen, ki daprè li, kontante l fè pwomès san yo pa janm entèvni konkrètman nan sitiyasyon an.  Se sak fè, devan sitiyasyon  sa a, OCNH mande dirijan ayisyen yo pou yo aji ijan pou konbat viris sa a nan peyi a, ki se ensekirite a yon fason pou pèp Ayisyen an kapab rale yon souf.
N ap raple, soti 10 pou rive 26 janvye 2023, plis pase trant moun te mouri.  Pami viktim yo genyen plizyè ajan Polis Nasyonal Ayiti (PNH) ki tonbe nan ekzèsis fonksyon yo sitou nan komin Petyonvil (Lwès) 20 janvye ak Lyankou (Latibonit) 25 janvye.  Nan vil sa yo, respektivman, yo te touye  4 ak 6 pofisye lapolis.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.