Pwogram Biden : majorite Ayisyen ki apwouve yo pa gen paspò, daprè Dr Géralde Gabeau

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
pwogram biden majorite ayisyen ki apwouve yo pa gen paspò, daprè dr géralde gabeau

Daprè chif Immigrant Family Services Institute Inc (IFSI) ki se yon òganizasyon Defansè dwa imigran, ki baze nan Boston pibliye, 11,300 Ayisyen deja gen otorizasyon pou antre Ozetazini, nan kad pwogram Imanitè pwovizwa prezidan ameriken an te mete sou pye nan kòmansman lane 2023 a. Men sepandan, majorite moun sa yo pa gen paspò.

Selon Immigrant Family Services Institute Inc (IFSI) ki te site chif Depatman Sekirite Enteryè (DHS) ameriken an, sou plis pase 36,500 moun ki jwenn otorizasyon vwayaj pou antre nan peyi Lèzetazini, 11,300 ladan yo se benefisyè Ayisyen. Sepandan nan 11,300 sa, se sèlman 5,500 ki antre Etazini, piske majorite moun sa yo ki apwouve yo pa gen paspò yo nan men yo.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Vrèman vre, majorite moun ki apwouve nan pwogram imanitè pwovizwa Prezidan ameriken an, Joe Biden te mete sou pye nan dat 5 janvye 2023 a, toujou an Ayiti paske yo ap fè fas ak yon pwoblèm paspò.

Daprè sa plizyè benefisyè ki apwouve fè konnen, pou yo te kapab ranpli fòm nan pou yo, yo te oblije jwenn premye paj paspò a elektwonik, men livrè a pat janm nan men yo, sa ki vin fè lè yo apwouve li vin difisil pou yo jwenn paspò a, genyen ki fè konnen moun ki ap fè paspò a pou yo, mande yo yon lòt lajan pou l ka ba yo livrè a.

« Moun ki t ap fè paspò a pou mwen an te di m se 35 mil goud pou m bali epi l ap banm paspò a sou 15 jou, men moun ki te ap aplike pou mwen an te di m fò m fè yon jan pou m jwenn premye paj la, pou l te gentan aplike pou mwen, sa ki fè mwen te mande moun nan premye paj la elektwonik », te fè konnen yon sitwayen nan mikwo NetAlKole Média, avan li te kontinye pou l di  » mwen apwouve depi 17 fevriye 2023 a, jis kounya mwen paka jwenn paspò a pou m ale, moun nan re mande m 20 mil goud ankò pou l banm paspò a ».

Mete sou sa gen lòt benefisyè ki fè konnen , yo gen mwa depi yo apwouve men yo paka jwenn paspò yo. Se nan kontèks sa a, Direktris egzekitif òganizasyon Defansè dwa imigran yo, ki baze nan Boston, Dr Géralde Gabeau mande moun ki gen otorizasyon yo pou fè rapid pou yo antre nan peyi Tonton Sam nan.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.