68 jounalis mouri pou ane 2022 a nan mond lan, pami yo 7 an Ayiti, daprè FIJ

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
68 jounalis mouri pou ane 2022 a nan mond lan, pami yo 7 an ayiti, daprè fij
Federasyon entènasyonal jounalis (FIJ) nan yon rapò anyèl li drese fè konnen genyen 68 jounalis ki mouri nan mond lan pou ane 2022 a. Li tabli bilan sila nan peyi tankou Ikrèn, Meksik, Ayiti, Pakistan, Kolonbi ak Filipin.
FIJ fè konnen nan 6 peyi sila yo, genyen pou pi piti 68 jounalis ki viktim anba zak kriminèl epi ki mouri nan ekzèsis fonksyon yo. Federasyon an rapòte genyen 21 jounalis anplis ki mouri pa rapò ak ane 2021 pase.
Pami tout peyi sa yo Ikrèn an premye pozisyon avèk yon efektif 12 jounalis ak pwofesyonèl medya yo touye, Meksik an dezyèm pozisyon ak 11 viktim, Ayiti an twazyèm pozisyon ak 7, Pakistan genyen 5 epi Kolonbi ak Filipin gen 4 pou yo chak la. Anplis sa FIJ konsidere Kolonbi ak Filipin kòm 2 peyi kote ki gen anpil danje pou egzèse pwofesyon sila.
Estrikti a, nan rapò li, note genyen 375 jounalis ak pwofesyonèl medya ki nan prizon aktyèlman, se yon nouvo rekò depi lè li kòmanse pibliye lis jounalis ki anprizone yo pandan jounen entènasyonal dwa moun yo, genyen 2 lane de sa.
“Chin ak Hong Kong nan tèt lis la ak 84 jounalis ki nan prizon, Bimani (64), Tiki (51), Iran (34) epi Byelorisi (33)”, daprè Federasyon entènasyonal jounalis yo, ki denonse mank aksyon ak volonte politik pa bò kote otorite konsène yo pou lite kont enpinite ak krim k ap komèt kont jounalis ak pwofesyonèl medya yo atravè mond lan.
N ap raple Federasyon entènasyonal jounalis yo rasanble plis pase 600 mil pwofesyonèl medya nan 187 sendika ak òganizasyon nan 146 peyi nan mond lan. Syèj sosyal li nan Briksèl, peyi Bèljik. FIJ se yon manm asosye UNESCO epi li reprezante jounalis yo pa bò kote Nasyonzini.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.