Yon dizèn nan pasajè yo te kidnape Lyankou yo libere

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
Les détournements de véhicules sont de plus en plus courants à Liancourt
Sòti dimanch pou rive lendi 6 fevriye ki sot pase a, genyen yon dizèn nan pasajè bandi ak zam te kidnape nan Lyankou yo,  jwenn liberasyon yo daprè kèk sous ki sòti nan fanmi otaj yo.
Endividi ak zam k ap opere nan lokalite Lyankou, depatman Latibonit, te kidnape samdi 4 fevriye ki sot pase a yon senkantèn pasajè ki te nan 2 bis transpò piblik ki fè trajè Pòtoprens/Senmak ak Pòdepè yo.
Liberasyon premye gwoup otaj sa yo sòti dimanch pou rive lendi 6 fevriye a fèt, aprè pwòch viktim yo ta peye gwo kantite lajan ak ravisè yo ki fè pati gwoup bandi ak zam « Kokorat San Ras » yo nan Latibonit.
Pou kounya, gwoup ame sa ki depi kèk tan espesyalize l nan kesyon kidnapin ak pran machin, genyen nan men yo rès viktim yo ki te nan yon ti bis 18 plas ak yon gwo ki pou konpayi Patrick Coach Line ki fè trajè Pòdepè/Pòtoprens.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.