Tande mizik se yon bagay san parèy, li bese angwas, bay konsantrasyon epi se yon plis pou memwa a. Platon, yon filozòf antikite fè konnen nan yon liv li ekri, ki rele Repiblik “ mizik se yon mwayen ki pisan pase anpil lòt bagay, rit ak amoni yo chita nan nanm. Li rann nanm yon moun rich et li bal yon lòt dimansyon ”. Jodi a menm syantifik yo montre kijan l enpòtan pou yon moun tande mizik.
Se vre mizik fè moun danse, pote lajwa ak byennèt nan kotidyen yo, konsa tout gen moun li fè kriye, fè yo sonje yon ansanm bagay yo te bliye nan ekzistans yo. Pou montre rezon ki fè li enpòtan pou yon moun tande mizik souvan, syantifik yo fè anpil rechèh sou dosye a. Nan sans sa NetAlkole Media pote pou ou 7 rezon ki fè yon moun dwe tande mizik pandan 1è chak jou.
Rezon #1 : son yo reyaji sou selil yo
Tande mizik fè selil ki nan kò a reyaji byen. Daprè yon ekip chèchè ameriken nan »Jet Propulsion Laboratory » nan Pasedana syantifik yo konstate mizik jwe yon wòl enpòtan nan estrès ak tansyon kò a. Kidonk tande mizik gen yon enpak pozitif sou kò a.
Rezon #2 : vibrasyon yo bay swen
Hélène Hennezel, ki se yon mizikoterapet fè konnen son k ap pwopaje nan anviwonman nou yo gen kèk byenfè sou sante nou, sitou mizik ki relaksan yo. Mizik relaksan yo ede sistèm nève a epi ede moun jwenn somèy.
Rezon #3 : entèlijans misikal
Howard Gardner ki se yon sikològ ameriken fè konnen, sèvo a gen kapasite pou l pwodwi mizik menm jan li gen kapasite pou li pwodwi langaj ak lojik matematik.
Rezon #4 : efè sikolojik
Mizik se youn nan bagay ki kapab mete plis angouman nan aktivite yon moun, li kapab bay plis enèji nan travay li oubyen pandan moun nan ap fè aktivite fizik. Kidonk Mizik se yon sous motivasyon ak kreyativite.
Rezon #5 : mizik bay relaksasyon
Carole Serrat ki se yon konpozitè fè konnen yon mòso klasik gen anpil byenfè sou lespri yon moun epi bay anpil serenite ak priz konsyans.
Rezon #6 : se yon terapi
Daprè anpil rechèh, mizik kapab sèvi kòm terapi pou trete timoun ki otis, moun ki fè sikoz, depresyon…Mizik gen yon oryantasyon sikanalitik, sosyolojik, medikal, elatriye.
Rezon #7 : tande mizik bay anvi chante
Nan yon liv Stephen Chun- Tao, ki gen pou tit » Tao de la voix « , otè a fè konnen, chante se kreye yon ekip vibrasyon sonò, ki gen anpil emosyon ki pisan, ki kapab relakse tansyon ki nan sèvo a epi bay lespri a plis kalm.
Kidonk, tande mizik gen anpil byenfè sou sante yon moun men li enpòtan tou pou yon moun pa abize nan pase tout yon jounen ap tande mizik san rete.
Facebook Comments