Òganizasyon STOP Accidents, nan rapò chak semèn li yo, rapòte 8 moun ki mouri ak 31 blese, ki anrejistre nan 16 aksidan pou peryòd 19 a 25 septanm.
STOP Accident nan rapò li a fè konnen, manifestasyon kont ogmantasyon pri petwòl yo te redwi trafik nan peyi a. Se sak fè Òganizasyon an fè konnen, kantite viktim yo pratikman diminye nan semèn ki sot pase a.
STOP Accidents di li te anrejistre, pandan semèn ki sot pase a, yon total de 16 aksidan ki te lakòz 31 viktim, ki gen ladan 8 lanmò sou plas. Pami 8 moun ki te mouri yo, twa (3) te soti nan menm fanmi an.
Aksidan wout sa yo te anrejistre nan zòn sa yo: Gonayiv, Kanpevè, Pòdepè, Okay, Tijo, Kafoufèy, Mibalè, Ennri. Dapre presizyon Òganizasyon an, limenm ki fè konnen yo pibliye rapò a chak semèn, nan entansyon pou diminye kantite viktim aksidan trafik epi pou konsyantize chofè yo.
Nan sans sa, STOP Accidents mande chofè yo pou yo gen yon konpòtman responsab konsa yap redwi drastikman aksidan sou wout yo.
Facebook Comments