Ti Junior Lasalin menase l ap sote tèminal Varreux 

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
ti junior lasalin menase l ap sote tèminal varreux 

Aktyèlman pa gen okenn gout gaz ki kapab sòti anndan pi gwo tèminal peyi a, Varreux ki nan komin Site Solèy, pou al vann sou mache a. Bandi G9 an Fanmi e Alye ki gen nan tèt li Jimmy Cherizier alyas Babekyou bloke rantre prensipal la pou okenn kamyon pa sòti ni antre anndan. 

Nan yon mesaj vokal k ap sikile sou rezo sosyal yo, youn nan manb enfliyan òganizasyon kriminèl sila, Ti Junior, k ap dirije Lasalin, fè konnen yo ta pito sote sant estokaj pwodwi petwolye sila olye yo ta kite l fonksyone n 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Chèf gang lan te adrese l dirèkteman ak Premye minis peyi a, Ariel Henry, epitou ak polisye yo ki nan lari a. Ti Junior te tou pwofite mande pou mesye Ariel mache dwat nan koze l avèk yo paske PM nan fin granmoun. 

Yon lòt kote, chèf gang lan demanti enfòmasyon ki fè kwè regwoupman gang G9 an Fanmi e Alye ta resevwa lajan nan men pouvwa anplas la pou kraze lit pèp la. Daprè li menm, yo gen mwayen pou yo mete manje nan vant yo, se nan kan pèp la yo ye, se pou li y ap travay.  

Ti Junior Lasalin mande pou pèp la rete lakay li, pa sòti paske mobilizasyon an pran yon lòt faz depi jodi lendi a. Li fè konnen toutotan Ariel Henry pa kite pouvwa, wout ki bay aksè ak tèminal Varreux a ap bloke epi anpeche kamyon yo ap fè livrezon gaz nan ponp yo.  

 

Facebook Comments

- Advertisement -
TAGGED:
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.