Akò Montana pran distans li ak dokiman sou kreyasyon Wo konsèy tranzisyon an

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
akò montana pran distans li ak dokiman sou kreyasyon wo konsèy tranzisyon an

Nan yon nòt piblik ki pote dat 25 septanm 2022, Biwo swivi akò Montana a nan tèt kole ak lòt ògan ki andedan l yo pran distans ak dokiman sa ki ta elabore sou lidèchip BINUH ak yon dirijan VDH nan lide pou jwenn yon konsansis nasyonal k ap mennen sou wout eleksyon. 

Biwo swivi akò Montana ansanm ak Konsèy nasyonal tranzisyon an denonse inisyativ sa BINUH lanse a kote dokiman sa k ap sikile a ki vize monte yon Wo konsèy tranzisyon pou dirije peyi a. Pou ekip Montana a, se ta yon mannèv pou ranfòse pouvwa yon sèl tèt Ariel Henry a. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

San site non, nan nòt piblik sa, ekip Montana a denonse egalman mannèv k ap fèt pou negosye ak kèk moun ki fè pati Montana. Pou responsab akò 30 dawout yo, se yon fo konsansis k ap agrave enstabilite nan peyi a. 

Toutfwa, Montana presize nan nòt sa, tout moun, tout òganizasyon, kèlkeswa pozisyon l anndan Montana, ki al siyen dokiman sa sou mete sou plas Wo konsèy tranzisyon an ap fè l nan non pèsonèl pa yo, yo pa p angaje akò Montana, daprè sa ki ekri nan nòt sa. 

«Akò Montana respekte opinyon ak pozisyon tout gwoup, tout moun. Li pa ka kenbe pye okenn moun, gwoup oubyen òganizasyon ki deside al pote kole nan solisyon enpoze pito nou lèd nou la», sa nou kapab li nan nòt piblik sa ki rive nan redaksyon Netalkole Media. 

Akò Montana fè konnen y ap « kontinye travay pou elaji konsansis la, travay pou konstwi fòs sosyete nasyon an kòm enstriman endispansab ki kapab pèmèt pèp ayisyen an rekipere souvrènte l», rapouswiv nòt sa ki egalman fè konnen yo « disponib pou kontinye pale ak tout sektè, tout òganizasyon, tout moun ki entèrese jwenn yon solisyon reyèl pou sòti peyi a nan mera yo foure l la». 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.