8,5 milyon touris vizite Repiblik dominikèn an 2022, gouvènman di se yon rekò

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
FOTO : afp.com - Erika SANTELICES
Otorite yo nan Repiblik dominikèn selebre ayè jedi 12 janvye 2023 a “yon rekò” nan sektè touris yo a, ki se prensipal aktivite peyi a. Prèske 8,5 milyon moun vizite teritwa dominiken an pou lane 2022 a, sa ki reprezante 37% anplis ane avan sa a, kidonk an 2021.
“Peyi a louvri pòt li, li pare pou l bay sa l genyen ki pi bon an, epi montre mond lan sa n konnen deja, nou se yon ti kwen paradi sou Tè a”, se deklarasyon prezidan Luis Abinader.
Ministè Touris la revele 7,2 milyon moun voyaje an Repiblik dominikèn nan avyon pou lane 2022 a ant janvye ak desanm, epi 1,3 milyon fè sa pa vwa maritim.
Gouvènman dominiken an rapòte genyen 3,2 milyon moun anplis ki vizite peyi a pa rapò ak 2021 lè endistri a te tonbe britsoukou akòz pandemi kowonaviris la, ki te touye plis pase 4 mil moun la sou yon popilasyon 10,5 milyon abitan.
N ap raple touris la, ki reprezante 15% PIB (produit intérieur brut) dominiken an, ogmante ak 11% depi 2019. Peyi a te anrejistre vizit 7,5 milyon touris ane sa. Nonb sa te tonbe an 2020 akòz kowonaviris la. Chif la te atenn 5,3 milyon an 2021.
« Pandan lemonn te fèmen, Repiblik Dominikèn oze, nou te pran risk, nou te pran kouraj pou nou vanse, pou nou wè vè a mwatye plen e pa mwatye vid », se sa Minis Touris la, David Collado, di.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.