Nasyonzini konfime 8 dènye ane sa yo se ane ki pi cho yo te anrejistre sou planèt la 

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
FOTO : UNOCHA/Liz-Loh-Taylor

Òganizasyon Meteyolojik Mondyal (OMM) ki se yon branch Nasyonzini revele ayè 12 janvye a 8 dènye ane ki sot pase la yo se te ane ki te gen plis chalè sou planèt la. 

Pou lane 2022 a, tanperati mondyal mwayèn nan te anviwon 1,15°C pi wo nivo pre-endistriyèl yo. OMM fè konnen malgre fenomèn “La Niña” ki te desann nan efè chanjman klimatik la, li te fè cho kanmèm. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Ane ki sot pase la se te uityèm ane konsekitif ki te pi cho. Tanperati anyèl mondyal yo te siperyè omwen ak yon nivo degre syantifik yo te obsève ant 1850 ak 1900. 

Sou 8 dènyè ane yo, lòt sa ki te pi cho yo se 2016, 2019 ak 2020.  

6 prensipal done entènasyonal ki konpile yo lonje dwèt sou menm kòz yo : « ogmante konsantrasyon gaz akòz efè tèmik yo (effet de serre) ak chalè akimile ». OMM konfime konklizyon pwogram ewopeyen sou chanjman klimatik la Copernicus, ki pibliye semèn sa, ak pa Biwo Meteyolojik Etazini an (NOAA) ak pa NASA, ki pibliye tou Jedi sa a. 

Pou 2022 a, plizyè rejyon te anrejistre plizyè tanperati rekò tankou nan rejyon polè yo, nan Mwayen Oryan an, an Chin, an Azi santral, an Afrik di Nò ak an Ewop. Nasyonzini fè konnen fenomèn nan ka kontinye rive jis mwa mas 2023. 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.