Konbit 100 %, Stop Aksidan, Alerte Rouge, CNTS siyen yon pwotokòl akò 

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
konbit 100%, stop aksidan, alerte rouge, cnts siyen yon pwotokòl akò 

Nan kad 5yèm edisyon Konbit 100 %, ki òganize jodi jedi 12 janvye 2023 a, divès ògàn k ap jere zafè transmisyon san nan peyi a siyen yon pwotokòl akò andedan otèl Mariotte. Nan sousi pou montre enpòtans don san genyen sitou pou moun k ap vin an Ayiti yo. 

Pataje sa an Ayiti toujou rete yon pratik ki difisil lè n konsidere perèz ki genyen kay swadizan jenn yo, nan vil metwopolitèn Pòtoprens lan sitou, aksidan sikilasyon yo repete anpil, sa ki konn lakòz anpil moun mouri akòz yo pèdi twòp san men pa gen pochèt ki disponib nan lopital yo. Nan sans sa a, òganizasyon Konbit ki genyen nan tèt li Mesye Louino Robillard, inisye ògàn sa a ki se Konbit 100%, chak ane ki toujou reyalize yon kòlèt san,  nan sousi pou ede sila yo ki nan nesesite san sou kabann lopital yo. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Jodi jedi a, andedan otèl Mariotte, aktivite a te reyini anpil moun, sitou jenn yo, te gen yon moman ki te espesyal, se te siyati yon pwotokòl akò ant òganizasyon transmisyon san yo tankou ; « Centre National Transmission Sanguin (CNTS), Alerte Rouge epi Services techniques et opérationnels pour pallier aux accidents (STOP Accident». 

Doktè Cassandre Mirlande Michel, ki se sekretè jeneral « STOP Accident », nan diskou l pat kache kontantman li pou siyati akò sa a, pandan li fè konnen, se jenn yo ki plis viktim aksidan nan dènye tan sa yo sitou mesye dam k ap kondi moto yo.  » Se sikilasyon moto a ki bay plis pwoblèm nan peyi a, nou pa gen wout pou sikilasyon moto, se li ki lakòz plis viktim », te deklare sekretè jeneral la. 

Youn nan manm fondatè Alerte Rouge la, ki se yon platfòm teknolojik pou fasilite bezwen sangen yo ak transmisyon yo, Mesye Augustin Dany, fè konnen, li te deja bay tèt li pou inisyativ sila a, li sèlman potko ofisyalize. « Siyen akò a se yon pakèt bagay pou mwen, se yon domèn mwen sakrifye m pou li, paske Ayiti bezwen valorize kichòy sa, gen twòp moun ki nan nesesite san », te deklare Mesye Augustin Dany. 

Pou fini aktivite a, Louino Robillard, ki se fondatè estrikti Konbit lan, voye yon mesaj pisan bay jenn yo,  » Konbit enpòtan pou nou tout kòm Ayisyen, nou vle pou yon jou pa manke pòchèt san nan lopita l yo men, se ou menm kòm jèn ki pou mete men pou n bay lavi ak sila yo ki nan bezwen ». 

 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.