Nan yon nòt li rann piblik jodi madi 8 novanm 2022 a, ministè komès anonse apati demen k ap 9 pou rive 12 novanm, tout ponp yo ap kòmanse jwenn gaz san okenn difikilte, daprè presizyon ki nan nòt la a, y ap alimante lopital yo ak PNH la a anvan pandan seyans distribisyon yo.
Aprè estrikti kriminèl G9 la a ki genyen kòm sèl kòk chante li chèf gang Jimmy Chersier, alyas « Barbecue », ta fin kenbe an otaj lokal santral gaz peyi Dayiti a « Terminal Varreux » Lapolis pandan yon vàn operasyon ki te kòmanse nan fen mwa oktòb la a te finalman rekipere Tèminal la a nan lide pou libere gaz la a kòmsadwa.
Kòmantè yo pa t piti sou rezo sosyal yo, sila a yo ki te menm fè konnen se te yon antant ant gouvènman an ak bandi G9 yo, lapolis te finalman pran kontwòl Varreux malgre tou, bandi ak gwo zam fann fwa te okipe pandan plizyè mwa Tèminal la a pou fè pase lòd yo epi mande lajan yo pa ka kontwole.
Toujou nan nòt ki pibliye a, ministè komès fè konnen dispozisyon yo deja pran pou PNH la a akonpanye yo pou fasilite distribisyon gaz la a nan antrepriz yo ak ponp yo san pwoblèm. Toutfwa anyen poko di sou pri gaz la a » Èske Ariel ap desann li ou pa » ?
Rate gaz la a paralize tout bagay nan peyi a.
Akòz rate gaz la a anpil bagay sanse bloke, lopital pa ka fonksyone, pasyan te kòmanse fè vwèl pou peyi san chapo, bank blije diminye nan lè fonksyònman yo, divès moun ki t ap defann degouden rekonèt yon bon ti tan chomaj, pri manje yo vi n tèt nèg, peyi a enkontwolab.
Gouvènman Ariel la a pèdi kontwòl tout bagay nan fòse kale je yo, menmsi devan Nasyon Zini yo te pran pretèks « Tout Bagay Sou Kontwòl ». Antouka, koze ti galon gaz 3.500 jiska 5.000 Goud la a ta dwe disparèt demen sou mache a si n ta kwè garanti ministè komès.
Facebook Comments