Categories: NETALKOLE

Lè a ap chanje nan peyi Dayiti a pati dimanch 13 mas

Share

Lè nasyonal la ap chanje a pati dimanch 13 mas 2022 k ap vini la. Selon yon nòt pou laprès Primati a pibliye, lè a ap avanse de inè, a pati de (2) zè nan maten. Konsa, n ap tounen nan lè ete a.

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

« Sekretè Jeneral Primati a ap raple tout ajan fonksyon piblik ak sektè prive yo, selon dispozisyon atik premye (1ye) arete prezidansyèl ki te soti 7 mas 2012, lè nasyonal la ap avanse de 60 minit a pati de (2) zè nan maten (2 : 00 AM) jou k ap dimanch 13 mars la », nou ka li nan nòt sa Primati a pibliye an franse e redaksyon an tradwi an kreyòl.

N ap raple, an Ayiti, nou fonksyone sou sistèm lè ete ak lè ivè a. Lè se ete, tankou pou dimanch k ap vini la, 60 minit ap avanse sou lè a. Lè se ivè, 60 minit ap retade sou li. Chanjman sa yo fèt 2 fwa chak lane.

Peterson Dorsainvil

Peterson Dorsainvil est journaliste, écrivain, slameur et amoureux fou des lettres. En quête de moi-même, je fais de ma plume ma boussoule dans ce monde désorienté.

Leave a Comment
Published by