Categories: AN KREYÒL

Wout Kanapevè a, yon gwo danje lè lapli fin tonbe

Share

Eta wout Kanapevè a pa bon ditou akòz lapli k ap tonbe pandan sezon siklonik la ki kòmanse depi premye jen pase a. Men se pa sèlman lè nou nan sezon sila wout sa an movèz eta. Nenpòt ti farinay lapli ki fèt afekte eta wout la epi reprezante yon gwo danje pou moun k ap pratike l.

Depi kèk jou, labou, sab, gravye epi fatra fè dekorasyon sou vwa woutyè ki travèse katye Kanapevè a. Lè lapli ap tonbe, dlo ki desann pote vin mete sou wout la tout sa l jwenn sou chimen l, san konte ti deboulonay tè ki fèt.

Sòti devan ti komisarya polis Kanapevè a pou monte nan avni Lamatinyè a ale nèt, atè a chaje grenn wòch, fatra ak labou. Si yon moun ap fè wout sila sou motosiklèt oubyen machin pou premye fwa, li riske fè aksidan. Sitou lè li poko fin fè jou klè.

Aprè plis pase yon semèn eta wout la konsa, san konte a chak fwa lapli fin tonbe, pa janm gen bon jan mezi ki pran pou rezoud sitiyasyon an byen rapid, nan lide pou evite dram ki ka rive.

N ap raple depi plizyè jou lapli ap tonbe sou kapital la, Pòtoprens ak kèk vil ki anviwonnen l yo akòz nou nan sezon siklòn nan ki te kòmanse 1e jen ki sot pase la epi k ap fini 30 novanm k ap vini la. Nan Kanapevè eta wout la pa bon ditou, menm jan ak plizyè lòt zòn kote pa genyen bon jan mezi ki pran pa bò kote Ministè Transpò Piblik ak Kominikasyon (MTPTC, sig fransè) ak Ministè Anviwònman (MDE, sig fransè), pou n site sa yo sèlman.

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!
Pooshy Rosana

Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.

Leave a Comment
Published by
Tags: MTPTC Pluie Route de Canapé Vert Wout Kanapevè