Categories: ACTUALITÉS AN KREYÒL

Gwo mouvman chire pit nan vil Cayes peyi a pou egzije depa PM Ariel Henry

Share

Katriyèm pi gwo vil peyi a te leve sou brezeng yo byen bonè maten mèkredi 7 septanm nan pou fòse lokatè primati a lase soulye l nan tèt peyi a.  Plizyè katye te  bloke,  aktivite ekonomik yo te sanse paralize nèt. Se pa premye soti yo pwotestatè yo pa gen entansyon abandone. Selon sa sous nou rapòte redaksyon NAK MÉDIA 

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Vil la anba tansyon depi plizyè jou, manifestan yo ki soti nan divès rakwen kontinye ap mande demisyon ekip gouvènman Ariel la ki poko janm regle yon bagay pou l jwenn remèsiman

Yo denonse tou ensekirite, povrete, lavi chè ak move gouvènans lidè yo ki pretann yap dirije a.

Witson Beaujour

Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.

Leave a Comment
Published by
Tags: cayes Manifestations