Gwoup kominikasyon Polis Nasyonal Dayiti (PNH) a travè yon nòt, anonse arestasyon Nickenson Jean-Baptite, manm aktif gwoup bandi » Gran Ravin » ki genyen nan tèt li kòm chèf « Ti Lapli », alòske yo pa mansyone dat arestasyon an.
Menmjan lapolis toujou fèl, yo te poze konplis la plizyè kesyon tankou depi kilè li nan gang? Depi kilè li fè pati gwoup malfwa sa a? Selon sa li te reponn, li nan baz la lontan, li avwe li patisipe nan divès zak malonèt, dènye zak li ta pral komèt se nan menm gwoup la ankò li ta pral vòlè yon sòm lajan epi li te tou sove nan sousi pou l al rebati vi li pat gen chans viv la, domaj pou li, lapolis ta pral mare l kou krab.
Pou kouwèl ye la a, Nickenson nan men lajistis lap tann swit legal yo ki pral gen pou pran yon dènye desizyon sou santans ki rezève pou li.
Facebook Comments