Twa moun blese gravman grav aprè yon rafal katouch ki deklannche nan manifestasyon jodi a

Witson Beaujour
Par Witson Beaujour  - Rédacteur
twa moun blese gravman grav aprè yon rafal katouch ki deklannche nan manifestasyon jodi a

Twa moun apenn sot blese grav anba bal endividi yo pa rive identifye pandan jounen manifestasyon kont Gouvènman an jodi 7 septanm 2022 a nan vil Jérémie, aprè divès abitan  nan Grand-Anse peyi a sitou nan Jérémie, te santi yo konsène nan mobilizasyon kap fèt tribò pabò pou derasinen gouvènman anplas la.

Pandan gwo mobilizasyon nasyonal anti-Gouvènman sa a ki fèt toupatou nan peyi a, li te nan lè midi yo, lè twa moun ta pral viktim anba bal nan vil powèt yo (jeremie), Selon sa konfrè nou nan jounal JCOM Ayiti konfime nou.

Toujou selon sous nou, popilasyon Jérémie an te foule beton an pou mande pi bon kondisyon lavi, disponibilite gaz nan estasyon sèvis yo epi depa Doktè Ariel Henry kòm chèf peyi a.

Fòk nou di tou,  plizyè vil nan peyi a tankou Port-Au-Prince, Cayes, Jacmel, Petit-Goâve, Port-De-Paix pou n site sa yo sèlman, mete grif yo deyò kont move gouvènans ekip dezyèm aprè Dye a.

Pou moman redaksyon NAK MÉDIA ap pibliye atik sa a, poko gn nouvèl sou lotè zak ki fèt la.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.