NETALKOLE

Petyonvil : Yo dekouvri kadav yon madanm ak mouche nan yon kay nan zòn Sen Siren 

Ayè dimanch 11 septanm 2022 a, yo dekouvri kadav 2 moun nan yon kay nan komin Petyonvil ki sitiye depatman Lwès peyi a. Se sa a yon vwazen konfime pandan menm repòtè NAK MÉDIA yo te rive sou sèn krim lan. 

Plizyè moun ki loje yo nan lari Sen Siren dekouvri kadav 2 moun andedan yon kay,  » yon fanm ak yon gason ». Selon sa moun yo fè konnen, se ta 2 anmoure anmourèz, Alòske pyès moun pa konn non yo paske yo apèn vin ret nan katye a. 

Pi lwen, youn nan vwazen yo ki te dakò rantre nan kay la ak nou, te konstate kras san sou viktim yo, toutfwa ni rezon lanmò a ni otè krim lan  poko rekonèt. 

Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.

Articles Similaires

1 of 1 155

Laisser un commentaire