Plis pase yon santèn migran ayisyen arete nan lanmè toupre Anguilla Cay 

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
plis pase yon santèn migran ayisyen arete nan lanmè toupre anguilla cay 

imanch 11 septanm 2022 sa a, ekipaj Gad Kòt Cutter Harriet Lane te transfere 127 ayisyen ak twa sitwayen Kiben bay otorite Bahamas yo. 

Yon bon Samariten te kontakte ofisye kap siveye gad kòt distri Nimewo 7 bò 4 p.m. Vandredi ki te  9 septanm 2022 a, li  te rapòte twa moun bloke sou yon zile toupre Anguilla Cay, Bahamas. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Yo te mennen tout migran sa yo abò Gad Kòt Cutter Richard Etheridge epi yo te fè konnen yo tout an bòn sante. 

Ekipaj Richard Etheridge la te kontakte maren yo nan Harriet Lane alantou 7:30 p.m. Vandredi 9 septanm 2022 a, yo te rapòte yon vwal twò chaje sou 41 mil nan laj Anguilla Cay.  Yo te mennen yo abò Harriet Lane e yo te rapòte ke yo tout an bon sante. 

Nap raple depi 1ye oktòb 2021, ekip gad kòt yo te sove 1,193 Ayisyen nan lanmè, e sa kontinye ap ogmante, popilasyon Ayisyen an ap riske lavi yo chak jou nan fè vwayaj ki danje pou yo al chèchè lavi miyò yon lòt kote, pandan tan sa otorite yo ap goumen pou pouvwa.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.